Job 26:14
Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
Bib La
In The King James Version
In Context
13Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.
Cross References
1 Samuel 2:10Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.
Job 11:7Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
Job 37:5Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.
Psalms 29:3Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
Psalms 145:3Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Isaiah 40:26Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.