Job 28:13
Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.
Bib La
In The King James Version
Man knoweth not the price thereof; neither is it found in the land of the living.
In Context
12Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
14Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.
Cross References
Job 28:21Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.
Psalms 52:5(052:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
Proverbs 3:14Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
Proverbs 8:18Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen.
Proverbs 23:23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
Isaiah 38:11Mwen te kwè mwen pa t'ap janm gen chans ankò pou m' te wè Seyè a sou latè kote moun vivan yo ye a, ni pou m' te wè pesonn ankò nan moun k'ap viv sou latè.