Job 30:1
Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.
Cross References
2 Kings 2:23Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: —Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!
Job 19:13Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.
Job 29:8wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.
Psalms 69:12(069:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
Mark 14:65Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lèfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.
Luke 23:14Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m' konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l' keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n'ap plede di l' fè yo.