Job 31:15
Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.
Bib La
In The King James Version
Did not he that made me in the womb make him? and did not one fashion us in the womb?
In Context
14kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?
16Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.
Cross References
Job 10:3Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?
Job 34:19Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.
Proverbs 14:31Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.