Job 32:15
Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.
Bib La
In The King James Version
They were amazed, they answered no more: they left off speaking.
In Context
14Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m'. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan.
16Mwen t'ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou.
Cross References
Job 29:22Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.
Matthew 22:22Lè yo tande sa, yo pa t' manke sezi. Yo kite l', y al fè wout yo.
Matthew 22:34Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen.