Job 32:6
Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè.
7Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.
Cross References
Leviticus 19:32Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!
Job 12:12Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.
Job 15:10Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
Job 35:1Eliyou pran lapawòl ankò, li di:
Romans 13:7Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte.
Titus 2:6Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas.