Job 36:26
Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.
Bib La
In The King James Version
Behold, God is great, and we know him not, neither can the number of his years be searched out.
In Context
25Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade.
27Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli.
Cross References
1 Kings 8:27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Job 11:7Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
Job 37:5Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.
Psalms 90:2Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
Psalms 145:3Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Hebrews 1:12W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.