Job 37:24
Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.
Bib La
In The King James Version
Men do therefore fear him: he respecteth not any that are wise of heart.
In Context
Cross References
Psalms 33:8Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.
Ecclesiastes 9:11Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.
Jeremiah 5:22Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'.
Jeremiah 33:9Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m' kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.
Jonah 1:16Lè marin yo wè sa, yo te vin pè Seyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l'.
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.