Job 40:23
Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'.
24Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.
Cross References
Genesis 13:10Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.)
Psalms 55:8(055:9) Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen.
Isaiah 37:25Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.