Job 7:21
Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 24:10Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
Job 7:8Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen.
Job 10:14Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.
Job 14:10Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
Job 20:8Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
Psalms 37:36Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.