Job 8:10
Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.
Bib La
In The King James Version
Shall not they teach thee, and tell thee, and utter words out of their heart?
In Context
9Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.
11Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.
Cross References
Deuteronomy 11:19N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay.
Job 32:7Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.
Proverbs 16:23Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
Matthew 12:35Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo.
Hebrews 12:1Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.