Joel 2:1
Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 10:2-Fè yo fè de twonpèt an ajan pou ou. Y'a pran yon gwo moso ajan, y'a bat l' ak mato pou fè chak twonpèt yo. W'a sèvi ak yo pou avèti moun yo lè pou yo reyini ak lè lè a rive pou yo leve pati.
Numbers 10:5Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon premye fwa ansanm ak bri moun k'ap rele, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò solèy leve a leve pati.
Ezra 9:3Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen.
Psalms 119:120M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
Isaiah 13:6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.
Isaiah 66:2Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.