Joel 2:24
Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre.
Bib La
In The King James Version
And the floors shall be full of wheat, and the vats shall overflow with wine and oil.
In Context
Cross References
Leviticus 26:10N'a sitèlman fè bèl rekòt, apre nou fin manje pandan ennan, n'a setoblije mete rès grenn dènye rekòt la deyò pou nou fè plas pou rekòt k'ap vin apre a.
Ezekiel 36:8Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou.
Joel 3:18Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule soti nan kay Seyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.
Malachi 3:10Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite.