Joel 2:28
Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.
Cross References
Genesis 37:5Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l' bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l' pi plis toujou.
1 Samuel 19:21Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
Isaiah 32:15Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Isaiah 44:3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
Isaiah 54:13Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.
Ezekiel 39:29Mwen p'ap janm vire do ba yo ankò paske m'ap voye lespri m' sou pèp Izrayèl la. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.