Jan 1:29
Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t'ap batize a.
Cross References
Exodus 12:3Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.
Leviticus 10:17-Poukisa nou pa t' manje ofrann yo te fè pou peche a nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a? Nou konnen ofrann lan se yon bagay ki apa nèt pou Seyè a. Seyè a ban nou l' pou nou manje, pou li ka wete peche pèp la, pou peye pou peche yo fè.
Numbers 7:39Li ofri menm bagay ak Nakchon.
Numbers 18:23Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.
Numbers 28:3W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen.
Isaiah 53:11Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras.