Jan 10:20
Anpil jwif t'ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n' bezwen pèdi tan n' ap koute yon nonm konsa fè?
Bib La
In The King James Version
And many of them said, He hath a devil, and is mad; why hear ye him?
In Context
19Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo.
Cross References
Isaiah 53:8Yo pran l', yo mete l' nan prizon, yo trennen l' tribinal. Pa t' gen pesonn pou te pran ka l', lè yo wete l' nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l'.
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
John 7:20Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?
John 8:47Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.
John 9:28Yo joure l', yo di l' konsa: Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz.
Acts 25:19Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l' sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò.