Jan 12:2
Antan l' te la, yo ofri l' manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 26:6Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la,
Luke 5:29Apre sa, Levi fè yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo.
Luke 12:37L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.
Luke 22:27Kilès ki pi grannèg: moun ki chita bò tab la, osinon moun k'ap sèvi l' la? Moun ki chita bò tab la, pa vre? Tansèlman, mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a.
John 12:9Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y' ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve soti vivan nan lanmò a.