Jan 13:12
Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a?
Bib La
In The King James Version
In Context
11(Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)
13Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.
Cross References
Ezekiel 24:24Ezekyèl menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Seyè sèl Mèt la.
Mark 4:13Apre sa, Jezi di yo: -Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute!
John 13:7Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita.