Jan 13:18
Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
Cross References
Psalms 41:9(041:10) Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'.
Matthew 26:23Li reponn yo: Moun ki tranpe pen l' ansanm avè m' nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen.
John 6:70Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab.
John 13:26Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.
John 15:19Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò.
John 21:17Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.