Jan 14:26
Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou.
Cross References
Psalms 25:12Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.
Isaiah 54:13Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
Matthew 1:20Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.
Matthew 28:19Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
Mark 13:11Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.