Jan 17:24
Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 8:21Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès.
Matthew 25:23Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou.
Matthew 26:29M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m' wa a.
Luke 22:28Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m' nan tout tribilasyon mwen yo.
John 1:14Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
John 14:3Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.