Jan 17:6
Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti.
Cross References
Exodus 3:13Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo?
Exodus 34:5Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a.
Psalms 71:17Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.
Proverbs 2:1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Proverbs 3:1Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.