Jan 18:26
Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li?
Bib La
In The King James Version
In Context
27Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante.
Cross References
Matthew 26:73Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.
Luke 22:59Apre yon bon ti moman, yon lòt di l' ankò: Men wi, nonm sa a te avè l'. Se moun Galile li ye.
John 18:10Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.)