Jan 18:5
Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache?
6Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.
Cross References
Jeremiah 8:12Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa.
Matthew 21:11Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.
John 19:19Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.