Jan 19:1
Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.
Bib La
In The King James Version
Then Pilate therefore took Jesus, and scourged him.
In Context
Cross References
Psalms 129:3Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.
Isaiah 53:5Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Matthew 23:34Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
Mark 10:33Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo.
Luke 18:33Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.
Luke 23:23Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.