Jan 19:20
Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 19:13Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).
Acts 21:40Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa:
Acts 26:14Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m' an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li.
Revelation 9:11Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a.