Jan 19:39
Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 16:14Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.
Proverbs 7:17Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li.
Song of Solomon 4:14tibonm ak safran, sitwonèl ak kannèl ak tout kalite pyebwa ki bay lansan, lami ak lalwa, ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant.
Matthew 19:30Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
John 3:1Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo.
John 12:7Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a.