Jan 2:11
Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:19Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.
Psalms 72:19Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
Ecclesiastes 9:7Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
Malachi 2:2Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen.
John 1:17Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.
John 2:23Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè.