John 3:26
Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.
Cross References
Psalms 65:2(065:3) Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,
Isaiah 45:23Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
John 1:7Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè.
John 1:15Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l' te di byen fò: Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen.
John 3:2Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li.
John 12:19Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!