Jan 5:17
Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.
Bib La
In The King James Version
But Jesus answered them, My Father worketh hitherto, and I work.
In Context
16Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo.
Cross References
Psalms 65:6(065:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
Matthew 10:29Eske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen.
John 14:10Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.
Acts 17:28Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.
Colossians 1:16Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo.