Jan 5:24
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 3:16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 3:36Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
John 6:47Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 10:27Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
John 12:44Jezi pale byen fò, li di: Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m' lan tou.
Romans 8:1Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.