Jan 5:26
Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.
Bib La
In The King James Version
For as the Father hath life in himself; so hath he given to the Son to have life in himself;
In Context
27Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a.
Cross References
Psalms 36:9(036:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
Jeremiah 10:10Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
John 4:10Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.
John 7:37Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.
John 11:26Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
John 14:19Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.