Jan 5:35
Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a.
Bib La
In The King James Version
He was a burning and a shining light: and ye were willing for a season to rejoice in his light.
In Context
34Mwen menm poutèt pa m', mwen pa bezwen pesonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove.
Cross References
Exodus 34:35Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l' pale ak Seyè a.
Matthew 3:5Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan.
Matthew 11:11Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l'.
Matthew 21:26Si nou reponn: Se moun ki te voye l', afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt.
Luke 1:15L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.
Luke 7:28M'ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Men, moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a pi konsekan pase li.