Jan 6:44
Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Jezi reponn yo: Nou pa bezwen ap bougonnen konsa.
Cross References
Isaiah 44:18Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen.
Jeremiah 31:3Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
Matthew 16:17Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.
John 5:44Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè?
John 6:45Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l' moutre yo, y'ap vin jwenn mwen.