Jan 6:63
Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi.
Bib La
In The King James Version
In Context
62Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l' te ye anvan an?
Cross References
Genesis 2:7Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
Psalms 19:7(019:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
Psalms 119:93Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.
John 6:68Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.
Romans 2:25Si ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pa t' janm sikonsi.
Romans 8:2Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.