Jan 8:37
Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.
Bib La
In The King James Version
I know that ye are Abraham’s seed; but ye seek to kill me, because my word hath no place in you.
In Context
36Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.
38M'ap di nou sa Papa m' moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè.
Cross References
Matthew 13:19Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.
John 5:44Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè?
John 7:19Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
John 8:6Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a.
John 8:39Yo reponn li: Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè.
John 8:45Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen.