Jan 9:35
Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l', li di l' konsa: Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a?
Bib La
In The King James Version
In Context
36Nonm lan reponn li: Mèt, di m' ki moun li ye pou m' ka kwè nan li?
Cross References
Psalms 2:7Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
Psalms 27:10Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.
Matthew 16:16Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
John 1:18Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.
John 1:49Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
John 3:36Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.