Jonah 2:6
Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:22Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
Job 33:28Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.
Psalms 16:10Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
Psalms 30:9(030:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
Psalms 65:6(065:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
Psalms 104:6Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.