Jonah 4:11
Epi ou pa ta vle m' pran lapenn pou lavil Niniv, gwo kapital sa a, kote ki gen depase sanven mil (0120.000) timoun inonsan, moun ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal, ansanm ak yon kantite bèt!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:10M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò.
Psalms 36:6(036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
Psalms 104:27Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.
Psalms 145:9Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Jonah 3:2li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a.