Joshua 1:14
Madanm nou, pitit nou ak tout bèt nou yo pral rete nan peyi Moyiz ban nou sou bò isit larivyè Jouden an, bò solèy leve a. Men, nou menm gason yo, vanyan sòlda, se pou nou pran zam nou nan men nou pou nou mache devan tout rès pèp la, pou nou ka ede yo, si gen nesesite.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:18Se konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame.
Deuteronomy 33:21Yo pran pi bon venn tè a pou yo. Se pòsyon tè ki toujou vin pou chèf. Se yo k'ap mache devan pèp la. Yo fè tou sa Seyè a te mande, yo swiv tout regleman Seyè a te bay pèp Izrayèl la.
Revelation 17:4Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a.