Joshua 1:17
Menm jan nou te toujou obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sèl bagay, n'ap lapriyè pou Bondye toujou kanpe avè ou menm jan li te kanpe ak Moyiz la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 27:20W'a separe avè l' pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l'.
Joshua 1:5Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
Joshua 4:14Sa Seyè a te fè jou sa a te fè tout pèp Izrayèl la pran Jozye pou yon grannèg vre. Depi lè sa a yo respekte msye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.
1 Samuel 20:13Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l' ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Seyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m'.
1 Kings 1:37Menm jan Seyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen.
Psalms 20:1(020:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (020:2) Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.