Joshua 1:18
Se pou yo touye tout moun ki pa dakò ak lòd ou, osinon ki pa vle obeyi lòd ou bay, osinon ki derefize fè sa ou mande yo fè. Sèlman, met gason sou ou! Pa janm dekouraje!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 17:12Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Ezra 10:4Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan!
Luke 19:27Kanta lènmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.
1 Corinthians 16:13Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.
Hebrews 10:28Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye.