Joshua 1:6
Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:7Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.
Numbers 26:53-Nou pral separe peyi a bay chak fanmi pòsyon pa yo dapre kantite gason yo jwenn nan chak.
Numbers 34:17-Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan,
Deuteronomy 31:6Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
Deuteronomy 31:23Apre sa, Seyè a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lòd li yo. Li di l' konsa: -Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fè moun pèp Izrayèl yo antre nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avè ou.
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.