Joshua 10:11
Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:24Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.
Exodus 9:25Lagrèl tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa.
Judges 5:20Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera.
Job 38:23Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?
Psalms 18:12(018:13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.
Psalms 77:17(077:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.