Joshua 10:12
Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:19Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
Joshua 10:13Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche.
Joshua 21:24lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo.
1 Samuel 12:18Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl.
2 Kings 20:9Ezayi reponn li: —Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak?
2 Kings 20:11Pwofèt Izayi lapriyè Seyè a epi Seyè a fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak li te fin depase nan kadran solèy wa Akaz te fè a.