Joshua 10:28
Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna.
Cross References
Deuteronomy 7:2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.
Deuteronomy 20:16Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'.
Joshua 8:2Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gen dwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè.
Joshua 10:30Seyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a.
Joshua 10:35Menm jou a, yo pran lavil la, yo touye tout moun ladan l'. Wi, jou sa a, tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki t'ap viv la, menm jan yo te fè l' nan lavil Lakis la.
Joshua 10:39Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou.