Joshua 10:29
Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna.
Bib La
In The King James Version
Then Joshua passed from Makkedah, and all Israel with him, unto Libnah, and fought against Libnah:
In Context
Cross References
Numbers 33:20Yo kite Rimonn Perèz, y' al moute kan yo Libna.
Joshua 8:2Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gen dwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè.
Joshua 10:28Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.
Joshua 15:42Te gen tou Libna, Etè, Akan,
2 Kings 8:22Se depi lè sa a, peyi Edon an soti anba lòd peyi Jida, yo granmoun lakay yo. Se menm lè a tou moun lavil Libna yo pran libète granmoun yo tou.
2 Chronicles 21:10Se depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.