Joshua 10:37
Yo pran lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te rete la ansanm ak tou sa ki te rete nan ti bouk nan zòn lan. Li pa kite yon moun chape, menm jan li te fè l' lavil Eglon an. Li fè touye dènye moun ak dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
36Apre sa, Jozye ansanm ak lame Izrayèl la kite lavil Eglon, yo moute al atake Ebwon.
38Apre sa ankò, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la vire sou lavil Debi, y' al atake l'.
Cross References
Joshua 10:28Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.
Joshua 10:39Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou.
Joshua 11:12Jozye pran tout lavil yo ansanm ak wa yo. Epi li fè touye tout wa yo, dapre prensip ki vle pou yo touye yo tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Moyiz, sèvitè Seyè a, te kite lòd pou yo fè l' la.