Joshua 10:40
Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:31M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.
Exodus 23:33Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.
Numbers 13:17Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou.
Deuteronomy 2:34Tout lavil yo tonbe nan men nou tou epi nou touye yo nèt pou Bondye nou an tankou yon ofrann. Nou touye tout moun nèt, fanm kou gason, timoun kou granmoun. Nou pa kite yonn chape.
Deuteronomy 7:24Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout.
Deuteronomy 26:16Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.