Joshua 10:42
Jozye te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl soti, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Lèfini, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.
Cross References
Exodus 14:14Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.
Deuteronomy 20:4Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la.
Psalms 44:3(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Psalms 46:7(046:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
Psalms 80:3(080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!